‘Swen Prensipal ak Lanmou ak Respè’
Yon Rapò Rezime sou OurCare-Halifax Refugee Claimant Community Table Roundtable Ourcare se yon chitapale nan Kanada ak piblik la sou kesyon lasante. Espesyalman pou moun ki manke mwayen, e ke sistèm sante a pa desèvi. Nan pote kole ak klinik refijye Halifax la, e ak otorite sante Nouvèl Ekos, 24 patisipan te fè yon braselide nan minisipalite rejyonal Halifax la. Patisipan yo te reprezante 2 gwoup: Moun ki pale Panyòl, ak moun ki pale Kreyòl. Moun ki pale lang sa yo reprezante on bon kantite nouvo kliyan pou sèvis nou yo, tankou HRC. Moun ki mande stati refijye yo jwen anpil difikilte, nan sa ki wè ak swen lasante, ak lòt sèvis tankou jwen travay, kontinye lekòl ak jwenn kay pou yo rete. Moun ki poko gen stati refijye a ap viv nan la perèz: Pou yo pa tounen yo nan peyi yo. Sistèm sante a pa repon a bezwen moun sa yo epi yo pa gen moun ki pou pale pou yo.
Yon braselide te fèt ak moun kap mande stati refijye yo nan jou ki te 23 oktob pou 6zè de tan e demi. Sa ta pèmèt patisipan yo aprann kònnen kijan sistèm sante ya fonksyone , epi pataje lide yo sou kijan sistèm lan ka amelyore pou moun sa yo. Ourcare, ak Klinik Refijye Halifax la vle di on gwo kokenn chenn mèsi a 24 moun sa yo, ki te patisipe nan braselide sa. On rapò konplè ap sòti nan lang anglè ak fransè nan mwa janvye 2024. Lide ak pèspektiv sa yo ap rantre nan prensip Ourcare nan mwa janvye an tou.
Patisipan: 24 moun Hours: 6.5 Gwoup Lang: 2 ● 18 moun kap mande stati refijye ki pale Panyòl ● 6 moun kap mande stati refijye ki pale Kreyòl 1